Aller au contenu
Salons10
Remèd lakay 100% natirèl TV 1

Remèd lakay 100% natirèl TV 1

Gros Morne Santé/beauté

Abonner pouw pa rate publication nou yo, like, pataje,kòmante

24/02/2024

20/05/2023

Ou menm kita renmen pèdi pwa byen rapid men sa wap fè.

Chak maten anvanw manje wap mete yon ti dlo tyèd, prije yon ti sitwon ladanl epi bwèl.

Toujou fè spò, sitou nan maten yo.

Manje anpil konkonm
Manje tomat kri
Leti
Bwè anpil ji zoranj
Ji chadèk

Evite manje ki gen twòp grès yo.

Depil fè 6h nan aprè midi pa manje ankò

12/05/2023

Remèd natirèl pou enfeksyon irinè

ENGREDYAN
1 bouke pèsi
1 sitwon
1 lit dlo

PREPARASYON
Wap mete dlo a bouyi, aprèl fin bouyi wap retire l sou dife a, vide dlo a nan yon veso ki fèmen, ajoute pèsi a, kouvril pandan 20 minit.
Lèl fin fè mezi tan videl nan yon vè ajoute sitwon an bwè yon vè 3 fwa pa jou pandan yon semèn.

Abonner ak Remèd lakay 100% natirèl TV 1 pouw pa rate resèt nou yo.

09/05/2023

Siw genyen tach nwa nan figiw avèk rid.
pran yon tikal vaseline prije yon bout sitwon ladanl pasel nan figiw.
Wa banm nouvèl.

08/05/2023

Kijan ou ka idantifye lè yon fi genyen bouboun li asid oubyen bazik.

Pataje Pataje

➡️Lè yon fi gen bouboun li sèk, fi sa pa mouye fasil, bouboun li asid.

➡️Lè fi a depiw touchel sèlman li gentan mouye, fi sa genyen bouboun li bazik.

Remèd lakay 100% natirèl TV 1

07/05/2023

Remèd natirèl pou mesye yo ki genyen spèm yo fèb (yo pa ka ansent madanm yo).

✅️ENGREDYAN
Kokoye oubyen manyòk dous
Jo n ze

✅️PREPARASYON

Wap pran yon kokoye wap grajel oubyen blennde l, wap pran ji kokoye a ou kase yon ze wap pran jo n ze a ou melanjel ak ji kokoye a.

Pa fèl twò dlo wap bwèl chak maten chak anvanw dòmi, ou ka fèl ak manyòk dous tou.

Pou moun ki gen pwoblèm ak ze a, ou ka ranplase ze a pa yon malta.

NB: Pi souvan se yon enfeksyon ki koz spèm nan vin fèb.

Pataje pouw ka ede lòt moun.
Abonner, like, commenter

06/05/2023

Men non kèk fèy ki ede kont GAZ ak GONFLEMAN

- Fèy lanni oubyen grenn lanni

- Fèy mant

- Fèy tibonm

- Fèy atiyayo

- Fèy fobazen

- Fèy kacheman

- bwè te wap fè avèk pay lay avèk kèk grenn jiwòf

-bwè te wap fè ak yon ti moso Jenjanm

Siw trouve resèt nou yo entèresan kite yon kòmantè epi pataje pouw ka ede lòt moun.

Siw poko abonner, abonner pouw pa rate resèt nou yo.

04/05/2023

Remèd natirèl pou moun ki soufri vant fè mal.

✔️ ENGREDYAN
ZONYON VYOLÈT
JENJANM
SITWON
SIWO MYÈL

PREPARASYON
Wap blennde oubyen graje Zonyon ak Jenjanm nan, wap mete yo nan yon veso ki ka fèmen wap ajoute sitwon ak siwo myèl la.

Siw se yon granmoun wap bwè 2 kiyè 3fwa nan jounen an, si se yon ti moun 1 kiyè.

- Bwè te bazilik
- bwè te wap fè ak ti moso rasi n Jenjanm

Abonner pouw pa rate resèt nou yo.
Kòmante, like,

03/05/2023

Remèd natirèl pou moun ki genyen kolori n

✅ Bouyi yon ti branch dèyè do pou w bwè.

️️✅️Bwè te fèy malonmen

Manje kèk grenn chadèk pandan 10 jou.

Pataje pouw ka ede lòt moun
Abonner, like, commenter

03/05/2023

Remèd natirèl pou moun ki genyen jansiv yo ki senyen fasil.

Pataje Pataje

-Wap kraze fèy koupye, fèy kreson nan bouch ou.

-Oubyen fwote jansiv la ak yon ti sitwon.

NB: bwè anpil ji sitwon, ji zoranj, ji gwayav.

Abonner ak Remèd lakay 100% natirèl TV 1 pouw pa rate resèt nou yo

Pataje, like,kòmante

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Remèd lakay 100% natirèl TV 1 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

S’abonner

Nous vous informerons de toute nouveauté à Gros Morne.