Aller au contenu
Salons10
Jacmel bel imaj

Jacmel bel imaj

Jacmel Santé/beauté

deja nou konte sou kolaborasyon nou tout mèsi...

Bonswa le monde ,paj sa li kreye nan optik pou pataje tout bel aktivite kiltirèl kap fèt nan vil Jakmèl
pou pèmèt frè ak sè nou yo k'ap viv ailleurs pou yo menm kapab wè et satisfè de bèl imaj lakay!

26/09/2026

Ernst Michel denonse menas ak akizasyon li di ki san fondman

Jèn Ernst Michel di li ap viv anba gwo presyon ak menas apre non li ta parèt nan yon dosye ki gen rapò ak yon zam yon polisye, Jean Bernard Lubin, ta pèdi nan zòn Siloe, Jakmèl. Li rejte akizasyon yo epi li mande pou verite a etabli nan kad lalwa.

Selon deklarasyon Ernst Michel bay laprès, li pa gen okenn konesans sou sikonstans ki antoure disparisyon zam nan e li pa konprann poukisa non li ta asosye ak dosye a.

Sitiyasyon an vin pi grav pou li apre videyo ak mesaj ki gen rapò ak akizasyon yo kòmanse sikile sou rezo sosyal yo. Ernst fè konnen ekspozisyon sa a mete sekirite li an danje, pandan li konsidere repitasyon li kòm yon jèn kòm youn nan premye viktim akizasyon ki poko pwouve yo.

Fas ak menas li di l ap resevwa yo, Ernst Michel fè konnen li oblije mete tèt li an sekirite. Sepandan, li deklare li disponib pou reponn tout kesyon lajistis oswa SDPJ ta genyen sou dosye a.

Li fè konnen tou li deja konfye dosye a bay yon avoka pou asire dwa li respekte epi pou tout demach fèt nan kad legal.

Pou Ernst Michel, objektif prensipal la se pou limyè fèt sou dosye a, pandan li mande pou piblik la ak tout aktè konsène yo evite kondane yon moun sou rezo sosyal anvan lajistis fin etabli reyalite yo.

09/02/2026

nouvèl yo libere pastè a # anpil love pou ansyan senatè a ki se “Maître Sénatus”

09/02/2026

Misye tj rèd nan knaval jakmèl chak ane li vini ak yn nouvo bagay pou tout tizè knaval bon bagay Zantray keep it up brother 👍

Autres Santé/beauté à Jacmel

Tout Afficher

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Jacmel bel imaj publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

S’abonner

Nous vous informerons de toute nouveauté à Jacmel.